Èske m ka resikle sa a?
Aprann sou Resiklaj
Kisa ki Resiklaj la?

Resiklaj la se lè ou kolekte epi trete materyèl ki ta kapab jete nan poubèl kòm fatra si se te nan yon lòt sitirasyon. Lè sa a, materyèl yo triye, netwaye epi yo filtre yo pou wete tout eleman ki kapab kontamine yo pou kreye nouvo materyèl epi redwi itilizasyon nouvo resous natirèl.
Pifò moun fè POPOURI (WISHCYCLE) – Lè yo mete nenpòt dechè nan poubèl resiklaj la jan lide yo di yo. Malerezman, sa pa toujou vle di materyèl sa yo pwal resikle osnon yo KAPAB resikle nan on premye tan. Èske m ap resikle kòmsadwa?
Poukisa nou Bezwen Fè sa?

Resiklaj la bon pou kominote yo, antrepriz yo ansanm ak anviwònman an nan redwi polisyon, kantite materyèl aleta brit n ap sèvi epi kantite djòb nou kreye. Lè yo fè sa kòmsadwa, li redwi kantite dechè ki ale nan dechaj ak ensineratè yo.
Li enpòtan pou nou note sa, an fèt, resiklaj se yon antrepriz epi pafwa gen kèk materyèl ki pa resikle paske pa gen ase demand pou yo.
Ki jan li afekte planèt ou a?

Resiklaj ede diminye chanjman nan klima mondyal lè w redui gaz lakòz efè tèmik tankou gaz kabonik, metàn, oksid nitre ak plis ankò. Anplis de sa, li ede redwi polisyon nan anviwònman nou an, dlo, ak lè.
Malerezman, nan rejyon Miami-Dade efektif nou nan resiklaj trè ba pou anpil materyèl. Nan moman an, se sèlman 2% kanèt asye yo ak 7% ann aliminyòm ki resikle ansanm ak 1% sèlman nan boutèy plastik yo. Sa se vrèman yon danje depi lè se 50 billyon ki vann nan peyi Etazini chak ane, sa reprezante plis pase 9 milyon liv CO2. Gen lòt kalte materyèl tankou kanèt asye ak aliminyòm ki kapab koze plis pase 2.8 liv CO2 k ap degaje pa kanèt! Se pou rezon sa a resiklaj la enpòtan!
Resiklaj Basics
Tips and tricks! (Depliyan resresous yo pa disponib an kreyòl ayisyen)
Jwèt ak trivia
Tcheke kèk nan resous amizan sa yo pou jwèt, trivia, ak plis ankò